A Day With The Children in St Michel, Haiti
Journee recreative avec les enfants demunis le 6 Mai 2023. Syèg social US2GETHER a se Shelton, Connecticut nan USA. Men tout moun ka Visite nou sou us2gether.us Objektif nou se konstwi yon kominote Ayisyen ki baze sou konfyans, inite, onètete ak respè.
Nou òganize pou nou amelyore imaj peyi nou avèk yon objektif pou sèvi kominote an atravè on seri de sèvis sosyal, edikasyon, ak kilti.
Nou vize pou nou travay avèk timoun ki pi defavorize yo. Nou sou inténèt la sou tout rezo sosyo yo.
Program 6 Me a se te yon jounen rekrayativ pou timoun kite genyen ladan li konkou de dans, jwèt, manje ak lòt kalite distraksyon pou timoun. Te genyen tou 3 kompetisyon Kote 3 premye ganyan nan chak konpetisyon sa yo te jwenn prim ak lòt bagay ki te make jounen sa nan memwa yo tout ak nou menm tou. Sete yon jounen ki te reyisi.